View original fileADRÈS AK KALANDRIYE POU VOTE PI BONÈ POU ELEKSYON PRIMÈ ETA FLORID AK ELEKSYON ESPESYAL VIL MIAMI 18 OUT 2026
Vote pi Bonè pou Eleksyon Primè Eta Florid ak Eleksyon Espesyal Vil Miami 18 out 2026 pwograme pou adrès, dat ak lè ki endike anba a. Votè ki enskri nan Vil Miami ka chwazi pou vote nan nenpòt lokal Vote pi Bonè yo nan dat ak lè yo ouvè.
DAT LÈ Lendi 3 out 2026 7:00 a.m. rive 3:00 p.m. Madi 4 out 2026 7:00 a.m. rive 3:00 p.m.
Mèkredi 5 out 2026 7:00 a.m. rive 3:00 p.m. Jedi 6 out 2026 7:00 a.m. rive 3:00 p.m.
Vandredi 7 out 2026 7:00 a.m. rive 3:00 p.m. Samdi 8 out 2026 8:00 a.m. rive 4:00 p.m.
Dimanch 9 out 2026 8:00 a.m. rive 4:00 p.m. Lendi 10 out 2026 11:00 a.m. rive 7:00 p.m. Madi 11 out 2026 11:00 a.m. rive 7:00 p.m.
Mèkredi 12 out 2026 11:00 a.m. rive 7:00 p.m. Jedi 13 out 2026 11:00 a.m. rive 7:00 p.m.
Vandredi 14 out 2026 11:00 a.m. rive 7:00 p.m. Samdi 15 out 2026 8:00 a.m. rive 4:00 p.m.
Dimanch 16 out 2026 8:00 a.m. rive 4:00 p.m. Pandan peryòd Vote pi Bonè a, ou ka vote nan nenpòt lokal Vote pi Bonè nan tout Konte a. Pou yon lis lokal Vote pi Bonè nan tout Konte a, vizite: https://www.votemiamidade.gov/elections/home.page TANPRI, REMAKE KE MERI VIL MIAMI PA P SÈVI KÒM YON LOKAL VOTE PI BONÈ AKOZ KAPASITE LIMITE LI POU JERE GWO PATISIPASYON MOUN NOU ESPERE POU ELEKSYON PRIMÈ ETA FLORID AK ELEKSYON ESPESYAL VIL MIAMI 18 OUT 2026 LA. GARAJ ISTORIK KI SOU MENM PWOPRIYETE AVÈK ANSYEN MIZE SYANS LAN PRAL SÈVI KÒM YON LOKAL RANPLASMAN. (GADE ANBA A) Lokal Vote pi Bonè ki nan Vil Miami yo gen ladan sa ki annapre yo:
LOKAL VOTE PI BONÈ KI NAN VIL MIAMI Hispanic Branch Library, 1398 SW 1st Street #100, Miami, FL 33135
*Historic Garage, 3250 South Miami Avenue, Miami, FL 33129 (Li sou menm pwopriyete avèk ansyen Mize Syans lan lè w antre sou bò dwat)
Lemon City Branch Library, 430 NE 61st Street, Miami, FL 33137
Stephen P. Clark Government Center, 111 NW 1st Street, Miami, FL 33128 (Sikisal Biwo Eleksyon an nan Lobi a)
Va gen yon estasyon resepsyon bilten vòt sekirize pou resevwa bilten vòt (Bwat pou depoze Bilten Vòt pou Vote pa Lapòs) ki disponib epi ki gen pèsonèl nan chak Lokal Vote pi Bonè pandan orè fonksyònman Vote pi Bonè yo. Lè w ap vote nan nenpòt sant vòt, kit se nan yon lokal Vote pi Bonè oswa nan Jou Eleksyon an, asire ke ou pote yon pyès idantite ki ajou e valid ki gen non ou, foto ou ak siyati ou sou li. Pandan li pa obligatwa pou pote kat enfòmasyon votè ou nan biwo vòt la, li va ede ou pase pwosesis la pi vit. Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte Biwo Grefye Vil Vil Miami an nan city-campaigns@ miamigov.com, 305-250-5361 oubyen http://miamigov.com/elections
Todd B. Hannon Grefye Vil
Anons Nim. 44009