ClassifiedsMarketplace
Logo
  • Classifieds
  • Contact Us
  • Sign In
  • Register
  • Place Ad
    • Obituary
    • Legal
    • Recruitment
    • Classified
    • Celebration
    • Retail

  1. Home
  2. Legals
  3. Legal Display

View original file
AVI ELEKSYON ESPESYAL REFERANDÒM POU AMANDE KONSTITISYON VIL MIAMI AN KI DWE FÈT MADI 18 OUT 2026 NAN VIL MIAMI, FLORID DAPRE REZOLISYON NIM. R-26-0228 Gen yon Eleksyon Espesyal Referandòm ki va fèt madi 18 out 2026, soti 7:00 A.M. rive 7:00 P.M. nan Vil Miami, Florid, nan biwo vòt nan plizyè Sant Vòt Eleksyon Espesyal Referandòm ke Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade, Florid deziyen, jan sa dekri nan avi sa a, amwenske lalwa prevwa otreman, e pou soumèt bay elektè kalifye Vil Miami, Florid, kesyon annapre a: “Èske Konstitisyon Vil la ta dwe amande pou chanje Eleksyon Jeneral ak Dezyèm Tou Eleksyon yo soti nan ane chif enpè pou rive nan ane chif pè apati ane 2034 ak 2036, epi chak kat ane apre sa, pou Eleksyon Jeneral la fèt ansanm ak nenpòt eleksyon nan tout Eta a oswa nan tout Konte a; modifye peryòd kalifikasyon an epi klarifye ke manda moun ki eli nan ane 2031 ak 2033 yo va redui a 3 ane akòz chanjman sa a?” Amannman Konstitisyonèl sa a va amande Seksyon 4(b), 7 ak 12 Konstitisyon an pou prevwa ke tout Eleksyon Minisipal Jeneral ak tout Dezyèm Tou Eleksyon nan Vil la va chanje de ane chif enpè a ane chif pè apati ane 2034 ak 2036 pou Eleksyon Minisipal Jeneral la kowenside avèk nenpòt eleksyon nan tout Eta a oswa nan tout Konte a; li ap amande peryòd kalifikasyon an epi klarifye ke manda fonksyon moun ki eli nan eleksyon jeneral ak dezyèm tou eleksyon ane 2031 ak 2033 yo va redui de yon manda kat (4) ane a yon manda twa (3) ane akoz chanjman sa a, epi prevwa ke avèk apwobasyon elektora a, amannman an va antre an vigè imedyatman. Daprè lòd Komisyon Vil Miami, Florid. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite www.miami.gov/elections oubyen kontakte Biwo Grefye Vil nan Vil Miami an pa imel nan City-Campaigns@miamigov.com oubyen pa telefòn nan 305-250-5361. Todd B. Hannon Grefye Vil Anons Nim. 44000
Post Date: 07/12 12:00 AM
Refcode: #IPL0356308 
Print
  • COPYRIGHT
  • PRIVACY POLICY
  • TERMS OF SERVICE
iPublish® Marketplace powered by iPublish® Media Solutions © Copyright 2025