AVI ELEKSYON ESPESYAL REFERANDÒM
POU OTORIZE YON AKÒ JESYON
KI DWE FÈT MADI 18 OUT 2026
NAN VIL MIAMI, FLORID
DAPRÈ REZOLISYON NIM. R-26-0056
Avi sa a se pou anonse ke gen yon Eleksyon Espesyal ki va fèt madi 18 out 2026, soti 7:00 A.M. rive 7:00 P.M. nan Vil Miami, Florid, nan biwo vòt nan plizyè Sant Vòt Eleksyon Espesyal ke Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade, Florid deziyen, jan sa dekri nan avi sa a, amwenske lalwa prevwa otreman, e pou soumèt bay elektè kalifye Vil Miami, Florid, kesyon annapre a:
"Èske Vil la ta dwe antre nan yon akò jesyon avèk Global Spectrum L.P. pou aktive epi jere evènman nan Historic Miami Marine Stadium ak Flex Park, 3501 Rickenbacker Causeway, Miami, FL, nan fason annapre a:
• Vil la resevwa 93% nan montan lavant brit tout evènman yo apre dediksyon
yon frè jesyon mansyèl $33,333
• Vil la resevwa 85% nan revni patwonaj
• Dire 40 ane
• Global Spectrum va peye Vil la jiska $10,000,000 pou restorasyon Historic
Marine Stadium?"
Kesyon Bilten Vòt sa a mande elektora a apwouve yon pwopozisyon akò jesyon ant Vil Miami ak Global Spectrum, L.P. ("Global Spectrum") pou fonksyònman pwopriyete Miami Marine Stadium ak Flex Park, 3501 Rickenbacker
Causeway, avèk pwopozisyon yon dire inisyal dis ane epi jiska twa
renouvèlman siplemantè dis ane, yon kontribisyon envestisman $10,000,000.00 ke Global Spectrum va bay pou restorasyon Historic Marine Stadium, ak yon estrikti konpansasyon sou fòm yon frè jesyon mansyèl $33,333 plis frè ensitatif 7% revni brit evènman yo ak lavant nouriti ak bwason, epi 15% revni patwonaj ak plas privilejye pou Global Spectrum, avèk tout lòt revni yo pou al jwenn Vil la.
Daprè lòd Komisyon Vil Miami, Florid.
Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite www.miami.gov/elections oubyen
kontakte Biwo Grefye Vil nan Vil Miami an pa imel nan
City-Campaigns@miamigov.com oubyen pa telefòn nan 305-250-5361.
Todd B. Hannon
Grefye Vil
Anons Nim. 44001