ClassifiedsMarketplace
Logo
  • Classifieds
  • Contact Us
  • Sign In
  • Register
  • Place Ad
    • Obituary
    • Legal
    • Recruitment
    • Classified
    • Celebration
    • Retail

  1. Home
  2. Legals
  3. Legal Display

View original file
ADRÈS AK KALANDRIYE POU VOTE PI BONÈ POU DEZYÈM TOU ELEKSYON 9 DESANM 2025 VIL MIAMI Vote pi Bonè pou Dezyèm Tou Eleksyon Vil Miami 9 desanm 2025 la pou Majistra a ak Komisyon Vil Distri 3 a pwograme pou sit, dat ak lè ki endike anba a. Votè yo ka chwazi pou yo vote nan nenpòt nan sit Vote pi Bonè ki anba yo nan dat ak lè yo louvri. DAT LÈ Vandredi 5 desanm 2025 7:00 a.m. rive 7:00 p.m. Samdi 6 desanm 2025 8:00 a.m. rive 4:00 p.m. Dimanch 7 desanm 2025 8:00 a.m. rive 4:00 p.m. Sit Vote pi Bonè yo gen ladan sa ki annapre yo: SIT VOTE PI BONÈ Carrie P. Meek Senior and Cultural Center, 1300 NW 50h Street, Miami, FL 33142 Gerry Curtis Park Community Center, 1901 NW 24th Avenue, Miami, FL 33125 Hispanic Branch Library, 1398 SW 1st Street #100, Miami, FL 33135 Legion Memorial Park Community Center, 6447 NE 7th Avenue, Miami, FL 33138 Miami City Hall, 3500 Pan American Drive, Miami, FL 33133 (Antre pou Sant Vòt la nan fasad Nòdès Bilding lan / Antre ADA a nan pòt prensipal Meri a) Shenandoah Branch Library, 2111 SW 19th Street, Miami, FL 33145 Stephen P. Clark Government Center, 111 NW 1st Street, Miami, FL 33128 (Sikisal Biwo Sipèvizè Eleksyon Miami-Dade ki nan Lobi a) West Flagler Branch Library, 5050 West Flagler Street, Miami, FL 33134 Gen yon estasyon anrejistreman bilten vòt ki sekiritè (“Bwat pou depoze Bilten Vòt pou Vote pa Lapòs”) ki va disponib epi va gen pèsonèl nan chak lokal Vote pi Bonè pandan lè fonksyòman Vote pi Bonè yo. Lè w ap vote nan nenpòt sant vòt, kit se nan yon lokal Vote pi Bonè oswa nan Jou Eleksyon an, asire ke ou pote yon pyès idantite ki ajou e valid ki gen non ou, foto ou ak siyati ou sou li. Pandan li pa obligatwa pou pote kat enfòmasyon votè ou nan biwo vòt la, li va ede ou pase pwosesis la pi vit. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite www.miami.gov/elections oswa kontakte Biwo Grefye Vil la nan Vil Miami pa imel nan city-campaigns@miamigov.com oswa pa telefòn nan 305-250-5361. Todd B. Hannon Grefye Vil Anons Nim. 43853
Post Date: 11/23 12:00 AM
Refcode: #IPL0292287 
Print
  • COPYRIGHT
  • PRIVACY POLICY
  • TERMS OF SERVICE
iPublish® Marketplace powered by iPublish® Media Solutions © Copyright 2025