ClassifiedsMarketplace
Logo
  • Classifieds
  • Sign In
  • Register

  1. Home
  2. Legals
  3. Legal Display

AVI DEZYÈM TOU ELEKSYON NAN VIL MIAMI, FLORID KI DWE FÈT MADI 9 DESANM 2025 NAN OBJEKTIF POU ELI BIWO MAJISTRA A KI ELI NAN TOUT VIL LA AK KOMISYONÈ VIL KI DWE ELI NAN DISTRI 3 KI GEN YON SÈL MANM Nou fè tout moun konnen ke gen yon Dezyèm Tou Eleksyon ki va fèt madi 9 desanm 2025 soti 7:00 A.M. rive 7:00 P.M. nan Vil Miami, Florid, nan biwo vòt plizyè sant vòt ke Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade la deziyen, kote elektè kalifye ki patisipe yo va vote nan eleksyon sa a pou fonksyonè minisipal annapre yo: Majistra ki eli nan tout Vil la ak Komisyonè Distri ki dwe eli nan Distri 3 ki gen yon sèl manm. Votè ki vle patisipe nan Dezyèm Tou Eleksyon an avèk yon bilten vòt pou Vote pa Lapòs dwe depoze bilten vòt pou Vote pa Lapòs yo an dapre dispozisyon Lwa Eta Florid. Tanpri, kontakte Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade la pou asire ke demann bilten vòt pou Vote pa Lapòs ou a pa ekspire. Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade la dwe resevwa yon demann pou voye yon bilten vòt pou Vote pa Lapòs bay yon votè pa pi ta pase 5:00 P.M. nan 12yèm jou anvan eleksyon an. Pou plis enfòmasyon konsènan vòt avèk yon bilten vòt pou Vote pa Lapòs, kontakte Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade la nan (305) 499-8683 oubyen vizite www.votemiamidade.gov. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite www.miami.gov/elections oswa kontakte Biwo Grefye Vil la nan Vil Miami pa imel nan City-Campaigns@miamigov.com oswa 305-250-5361. Todd B. Hannon Grefye Vil Anons Nim. 43852
Post Date: 11/16 12:00 AM
Refcode: #IPL0290335 
Print
  • COPYRIGHT
  • PRIVACY POLICY
  • TERMS OF SERVICE
iPublish® Marketplace powered by iPublish® Media Solutions © Copyright 2025