ClassifiedsMarketplace
Logo
  • Classifieds
  • Sign In
  • Register

  1. Home
  2. Legals
  3. Legal Display

AVI ELEKSYON ESPESYAL REFERANDÒM POU AMANDE KONSTITISYON VIL MIAMI AN KI DWE FÈT MADI 4 NOVANM 2025 NAN VIL MIAMI, FLORID DAPRE REZOLISYON NIM. R-25-0244 Gen yon Eleksyon Espesyal Referandòm ki va fèt madi 4 novanm 2025, soti 7:00 A.M. rive 7:00 P.M. nan Vil Miami, Florid, nan biwo vòt nan plizyè Sant Vòt Eleksyon Espesyal Referandòm ke Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade, Florid deziyen, jan sa dekri nan avi sa a, amwenske lalwa prevwa otreman, e pou soumèt bay elektè kalifye Vil Miami, Florid, kesyon annapre a: "Èske yo ta dwe amande Konstitisyon Vil la pou prevwa ke okenn moun ki te eli oswa nonmen de (2) fwa, eksepte lòske yo te eli pou ranpli yon plas vid, nan pòs Majistra oswa Komisyonè pa elijib pou re-eleksyon nan pòs sa a pandan tout lavi yo, limit manda yo dwe mezire retwoaktivman apati premye eleksyon oswa nominasyon chak ofisyèl eli, epi amannman sa a dwe antre an vigè imedyatman?" Amannman Konstitisyonèl sa a va amande Seksyon 4(b) Konstitisyon an pou prevwa ke okenn moun ki te eli oswa nonmen de (2) fwa nan pòs Majistra oswa Komisyonè pa elijib pou re-eleksyon nan pòs sa a pandan tout lavi yo, eksepte lòske yo te eli pou ranpli yon plas vid, ke limit manda yo dwe mezire retwoaktivman apati premye eleksyon oswa nominasyon chak ofisyèl eli, epi amannman sa a dwe antre an vigè imedyatman. Daprè lòd Komisyon Vil Miami, Florid. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite www.miami.gov/elections oubyen kontakte Biwo Grefye Vil Miami an pa imel nan City-Campaigns@miamigov.com oubyen nan 305-250-5361. Todd B. Hannon Grefye Vil Piblisite Nim. 43806
Post Date: 09/28 12:00 AM
Refcode: #IPL0276329 
Print
  • COPYRIGHT
  • PRIVACY POLICY
  • TERMS OF SERVICE
iPublish® Marketplace powered by iPublish® Media Solutions © Copyright 2025