ClassifiedsMarketplace
Logo
  • Classifieds
  • Sign In
  • Register

  1. Home
  2. Legals
  3. Legal Display

View original file
AVI ELEKSYON ESPESYAL REFERANDÒM POU AMANDE KONSTITISYON VIL MIAMI AN KI DWE FÈT MADI 4 NOVANM 2025 NAN VIL MIAMI, FLORID DAPRE REZOLISYON NIM. R-25-0320 Gen yon Eleksyon Espesyal Referandòm ki va fèt madi 4 novanm 2025, soti 7:00 A.M. rive 7:00 P.M. nan Vil Miami, Florid, nan biwo vòt nan plizyè Sant Vòt Eleksyon Espesyal Referandòm ke Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade, Florid deziyen, jan sa dekri nan avi sa a, amwenske lalwa prevwa otreman, e pou soumèt bay elektè kalifye Vil Miami, Florid, kesyon annapre a: “Èske yo ta dwe amande Konstitisyon Vil la pou pèmèt Komisyon Vil la, avèk yon vòt kat senkyèm, apwouve lavant oswa lokasyon pwopriyete Vil la ki pa bò dlo lòske yo resevwa mwens pase twa pwopozisyon apre avi piblik, a kondisyon ke lòt garanti, tankou valè jis sou mache a ak apwobasyon votè pou pwopriyete sou bò dlo, rete an vigè?” Amannman Konstitisyonèl sa a va amande Seksyon 29-B Konstitisyon an pou pèmèt Komisyon Vil la, avèk yon vòt kat senkyèm, apwouve lavant oswa lokasyon pwopriyete Vil la ki pa bò dlo lòske yo resevwa mwens pase twa pwopozisyon apre avi piblik ki mande pwopozisyon, epi anplis tou klarifye ke tout lavant oswa lokasyon pwopriyete sou bò dlo va bezwen apwobasyon votè. Daprè lòd Komisyon Vil Miami, Florid. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite www.miami.gov/elections oubyen kontakte Biwo Grefye Vil Miami an pa imel nan City-Campaigns@miamigov.com oubyen nan 305-250-5361. Todd B. Hannon Grefye Vil Piblisite Nim. 43804
Post Date: 09/28 12:00 AM
Refcode: #IPL0276247 
Print
  • COPYRIGHT
  • PRIVACY POLICY
  • TERMS OF SERVICE
iPublish® Marketplace powered by iPublish® Media Solutions © Copyright 2025