View original fileAVI ELEKSYON ESPESYAL REFERANDÒM POU AMANDE KONSTITISYON VIL MIAMI AN
KI DWE FÈT MADI 4 NOVANM 2025 NAN VIL MIAMI, FLORID
DAPRE REZOLISYON NIM. R-25-0243 Gen yon Eleksyon Espesyal Referandòm ki va fèt madi 4 novanm 2025, soti 7:00 A.M. rive 7:00 P.M. nan Vil Miami, Florid, nan biwo vòt nan plizyè Sant Vòt Eleksyon Espesyal Referandòm ke Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade, Florid deziyen, jan sa dekri nan avi sa a, amwenske lalwa prevwa otreman, e pou soumèt bay elektè kalifye Vil Miami, Florid, kesyon annapre a:
“Èske yo ta dwe amande Konstitisyon Vil la pou prevwa ke yo pa ka trase distri Komisyon Vil la avèk entansyon pou favorize oswa defavorize yon kandida oswa yon moun ki an plas, etabli yon Komite Sitwayen Rekonfigirasyon Distri pou trase distri apre chak resansman, lòske lalwa egzije sa, bay yon pwosesis pou Komite Rekonfigirasyon Distri a pwopoze plan rekonfigirasyon distri bay Komisyon Vil la pou desizyon final, fikse kalifikasyon, devwa, dire manda, ak pwosesis pou nonmen ak revoke manm Komite Rekonfigirasyon Distri yo?”
Amannman Konstitisyonèl sa a amande Konstitisyon an pou prevwa ke yo pa ka trase distri Komisyon Vil la avèk entansyon pou favorize oswa defavorize yon kandida oswa yon moun ki an plas, etabli yon Komite Sitwayen Rekonfigirasyon Distri pou trase distri apre chak resansman, lòske lalwa egzije sa, bay yon pwosesis pou Komite Rekonfigirasyon Distri a pwopoze plan rekonfigirasyon distri bay Komisyon Vil la pou desizyon final, epi fikse kalifikasyon, devwa, dire manda, ak pwosesis pou nonmen ak revoke manm Komite Rekonfigirasyon Distri yo.
Daprè lòd Komisyon Vil Miami, Florid.
Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite www.miami.gov/elections oubyen kontakte Biwo Grefye Vil Miami an pa imel nan City-Campaigns@miamigov.com oubyen nan 305-250-5361.
Todd B. Hannon Grefye Vil
Piblisite Nim. 43805