AVI ELEKSYON ESPESYAL REFERANDÒM
POU AMANDE KONSTITISYON VIL MIAMI AN
KI DWE FÈT MADI 4 NOVANM 2025
NAN VIL MIAMI, FLORID
DAPRE REZOLISYON NIM. R-25-0322
Gen yon Eleksyon Espesyal Referandòm ki va fèt madi 4 novanm 2025, soti 7:00 A.M. rive 7:00 P.M. nan Vil Miami, Florid, nan biwo vòt nan plizyè Sant Vòt Eleksyon Espesyal Referandòm ke Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade,
Florid deziyen, jan sa dekri nan avi sa a, amwenske lalwa prevwa otreman,
e pou soumèt bay elektè kalifye Vil Miami, Florid, kesyon annapre a:
"Èske yo ta dwe amande Konstitisyon Vil la pou etabli yon
Komisyon Revizyon Konstitisyonèl epi egzije Komisyon Vil la, nan lespas yon ane apre chak resansman federal chak dis ane, pou nonmen elektè kalifye nan Vil la pou yon Revizyon Konstitisyonèl nan Komisyon Revizyon Konstitisyonèl pou revize Konstitisyon Vil la, òganize odyans piblik pou jwenn opinyon kominote a, epi
rekòmande amannman Konstitisyonèl bay Komisyon Vil la?"
Amannman Konstitisyonèl sa a amande Konstitisyon an pou etabli yon
Komisyon Revizyon Konstitisyonèl ke yo dwe nonmen nan lespas yon (1)
ane apre chak resansman chak dis ane, li etabli kalifikasyon manm, devwa, kalandriye, dispozisyon sou angajman piblik la ak disolisyon, epi li egzije ke Komisyon Revizyon Konstitisyonèl la revize Konstitisyon an e rekòmande amannman bay Komisyon Vil la.
Daprè lòd Komisyon Vil Miami, Florid.
Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite www.miami.gov/elections oubyen kontakte Biwo Grefye Vil Miami an pa imel nan City-Campaigns@miamigov.com oubyen nan 305-250-5361.
Todd B. Hannon
Grefye Vil
Piblisite Nim. 43803