View original file   AVI ELEKSYON MINISIPAL JENERAL NAN VIL MIAMI, FLORID 
KI DWE FÈT MADI 4 NOVANM 2025 NAN OBJEKTIF POU ELI BIWO 
MAJISTRA KI ELI NAN TOUT VIL LA AK DE KOMISYONÈ VIL KI DWE  ELI NAN DISTRI 3 AK 5 KI GEN YON SÈL MANM 
   Nou fè tout moun konnen ke gen yon Eleksyon Minisipal Jeneral ki va fèt madi 4  novanm 2025 soti 7:00 AM rive 7:00 PM nan Vil Miami, Florid, nan biwo vòt plizyè sant  vòt ke Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade la deziyen, kote elektè kalifye ki patisipe  yo va vote nan eleksyon sa a pou fonksyonè minisipal annapre yo: Majistra ki eli nan  tout vil la, ak de (2) Komisyonè Distri ki dwe eli nan Distri 3 ak 5 ki gen yon sèl manm.  Yon dezyèm tou eleksyon va fèt madi 9 desanm 2025 si sa nesesè. 
Kalifikasyon kandida pou Eleksyon Minisipal Jeneral la va fèt nan Biwo  Grefye Vil la, Miami City Hall, 3500 Pan American Drive, Miami,  Florida, 33133 apati vandredi 5 septanm 2025 rive samdi 20 septanm  2025. Pandan peryòd sa a, Biwo Grefye Vil la ap ouvè lendi jiska  vandredi soti 8:00 A.M. rive 5:00 P.M., e samdi 20 septanm 2025, soti  8:00 A.M. rive 6:00 P.M. 
Frè kalifikasyon pou pòs Majistra ak Komisyonè Vil la dwe peye avèk  yon chèk ki soti sou kont kanpay kandida a, epi trezorye kanpay la  oswa trezorye adjwen an dwe siyen chèk sa a. Frè kalifikasyon yo  prezante nan fason sa a: 
Frè Kalifikasyon Vil la pou Majistra ak Komisyonè Vil la:             $100.00 Frè Evalyasyon Eta pou Majistra:                                                   $970.00 Frè Evalyasyon Eta pou Komisyonè Vil la:                                  $582.00                 Malgre ke li pa obligatwa, nou mande avèk anpil respè tout kandida potansyèl pou yo  rele davans pou pran yon randevou pou yo kalifye kòm kandida. Yo ka pran  randevou lè yo kontakte Biwo Grefye Vil la pa imel nan  City-Campaigns@miamigov.com oubyen pa telefòn nan (305) 250-5361. 
Enskripsyon votè moun ki vle vote nan Eleksyon Minisipal Jeneral la dwe fèt annakò  avèk lwa Eta Florid. Chak moun ki vle vin yon votè enskri dwe pran responsabilite  pou li ranpli kòrèkteman fòm enskripsyon an epi soumèt li bay Sipèvizè Eleksyon  Konte Miami-Dade la. Pou plis enfòmasyon sou enskripsyon votè, kontakte Sipèvizè  Eleksyon Konte Miami-Dade nan (305) 499-8683 oubyen vizite www.votemiamidade. gov. 
Votè ki vle patisipe nan Eleksyon Minisipal Jeneral la avèk yon Bilten Vòt pou Vote  pa Lapòs dwe depoze Bilten Vòt pou Vote pa Lapòs yo an dapre dispozisyon lwa Eta  Florid. Tanpri, kontakte Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade la pou asire ke demann  Bilten Vòt pou Vote pa Lapòs ou a pa ekspire. Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade  la dwe resevwa yon demann pou voye yon Bilten Vòt pou Vote pa lapòs bay yon  votè pa pi ta pase 5:00 P.M. nan 12yèm jou anvan eleksyon an. Pou plis enfòmasyon  konsènan vòt avèk yon Bilten Vòt pou Vote pa Lapòs, kontakte Sipèvizè Eleksyon  Konte Miami-Dade la nan (305) 499-8683 oubyen vizite www.votemiamidade.gov. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite www.miami.gov/elections oubyen kontakte  Biwo Grefye Vil Miami an pa imel nan City-Campaigns@miamigov.com oubyen  305-250-5361. 
Todd B. Hannon Grefye Vil 
Anons No. 43774