ClassifiedsMarketplace
Logo
  • Classifieds
  • Sign In
  • Register

  1. Home
  2. Legals
  3. Legal Display

View original file
AVI ELEKSYON MINISIPAL JENERAL NAN VIL MIAMI, FLORID KI DWE FÈT MADI 4 NOVANM 2025 NAN OBJEKTIF POU ELI BIWO MAJISTRA KI ELI NAN TOUT VIL LA AK DE KOMISYONÈ VIL KI DWE ELI NAN DISTRI 3 AK 5 KI GEN YON SÈL MANM Nou fè tout moun konnen ke gen yon Eleksyon Minisipal Jeneral ki va fèt madi 4 novanm 2025 soti 7:00 AM rive 7:00 PM nan Vil Miami, Florid, nan biwo vòt plizyè sant vòt ke Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade la deziyen, kote elektè kalifye ki patisipe yo va vote nan eleksyon sa a pou fonksyonè minisipal annapre yo: Majistra ki eli nan tout vil la, ak de (2) Komisyonè Distri ki dwe eli nan Distri 3 ak 5 ki gen yon sèl manm. Yon dezyèm tou eleksyon va fèt madi 9 desanm 2025 si sa nesesè. Kalifikasyon kandida pou Eleksyon Minisipal Jeneral la va fèt nan Biwo Grefye Vil la, Miami City Hall, 3500 Pan American Drive, Miami, Florida, 33133 apati vandredi 5 septanm 2025 rive samdi 20 septanm 2025. Pandan peryòd sa a, Biwo Grefye Vil la ap ouvè lendi jiska vandredi soti 8:00 A.M. rive 5:00 P.M., e samdi 20 septanm 2025, soti 8:00 A.M. rive 6:00 P.M. Frè kalifikasyon pou pòs Majistra ak Komisyonè Vil la dwe peye avèk yon chèk ki soti sou kont kanpay kandida a, epi trezorye kanpay la oswa trezorye adjwen an dwe siyen chèk sa a. Frè kalifikasyon yo prezante nan fason sa a: Frè Kalifikasyon Vil la pou Majistra ak Komisyonè Vil la: $100.00 Frè Evalyasyon Eta pou Majistra: $970.00 Frè Evalyasyon Eta pou Komisyonè Vil la: $582.00 Malgre ke li pa obligatwa, nou mande avèk anpil respè tout kandida potansyèl pou yo rele davans pou pran yon randevou pou yo kalifye kòm kandida. Yo ka pran randevou lè yo kontakte Biwo Grefye Vil la pa imel nan City-Campaigns@miamigov.com oubyen pa telefòn nan (305) 250-5361. Enskripsyon votè moun ki vle vote nan Eleksyon Minisipal Jeneral la dwe fèt annakò avèk lwa Eta Florid. Chak moun ki vle vin yon votè enskri dwe pran responsabilite pou li ranpli kòrèkteman fòm enskripsyon an epi soumèt li bay Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade la. Pou plis enfòmasyon sou enskripsyon votè, kontakte Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade nan (305) 499-8683 oubyen vizite www.votemiamidade.gov. Votè ki vle patisipe nan Eleksyon Minisipal Jeneral la avèk yon Bilten Vòt pou Vote pa Lapòs dwe depoze Bilten Vòt pou Vote pa Lapòs yo an dapre dispozisyon lwa Eta Florid. Tanpri, kontakte Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade la pou asire ke demann Bilten Vòt pou Vote pa Lapòs ou a pa ekspire. Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade la dwe resevwa yon demann pou voye yon Bilten Vòt pou Vote pa lapòs bay yon votè pa pi ta pase 5:00 P.M. nan 12yèm jou anvan eleksyon an. Pou plis enfòmasyon konsènan vòt avèk yon Bilten Vòt pou Vote pa Lapòs, kontakte Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade la nan (305) 499-8683 oubyen vizite www.votemiamidade.gov. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite www.miami.gov/elections oubyen kontakte Biwo Grefye Vil Miami an pa imel nan City-Campaigns@miamigov.com oubyen 305-250-5361. Todd B. Hannon Grefye Vil Anons No. 43773
Post Date: 08/24 12:00 AM
Refcode: #IPL0264261 
Print
  • COPYRIGHT
  • PRIVACY POLICY
  • TERMS OF SERVICE
iPublish® Marketplace powered by iPublish® Media Solutions © Copyright 2025